Emisyon Boukan

Kapte Emisyon Boukan, chak mèkredi 9-10 pm, sou Radyo Pa Nou, New York, 101.9 FM, SCA, e www.radyopanou.com

BOUKAN, yon emisyon pou yon Ayiti Tounèf, yon Ayiti Endepandan kote Lajistis Fleri.

Chak semèn Boukan pote Bonjan Nouvèl, Analiz, Enfòmasyon, Kòmantè, Deba, elatriye... Epi, nou ouvè liy telefòn yo pou oditè Boukan yo, bay dizon pa yo tou. Sètadi yon Emisyon nou swete ki nan gou nou. Yon emisyon ki nan gou tout patriyòt konsekan ki pa ka tann pou Ayiti Toma Libere.

Emisyon 24 septanm 2014:
Nan dènye emisyon Boukan sou Radyo Pa Nou nou di oditè nou yo mèsi dèske yo te akonpaye nou pandan 5 ane nou pase ansanm ak yo sou radyo sa a e nou envite yo kontinye akonpaye nou nan lòt medya kote nou pral kontinye travay la.
Marlene Jean-Noel sonnen lanbi rasanbleman an pou Ayisyen ki nan zòn Nouyòk la al pwoteste devan Loni vandredi 26 septanm 2014 kont Michel Martelly k ap patisipe nan 69èm Asanble Jeneral la.

Emisyon 17 septanm 2014:
Nou kontinye analiz n ap fè depi kèk tan sou konjonkti politik peyi a.

Emisyon 10 septanm 2014:
Dapre dènye nouvèl k ap sikile nan peyi Dayiti, jij Lamarre Belizaire mete ansyen prezidan Aristide nan rezidans siveye. Direktè Radyo Timoun lan, Yves Pierre-Louis, ap mete n okouran dènye devlopman nan dosye pèsekisyon politik Jean Bertrand Aristide fòs reyaksyonè yo ap fè pa lentèmedye jij sa a.
Nou salue memwa Antoine Izmery reyaksyonè yo ansasinen 11 septanm 1993.
Ositou, nou kontinye analiz n ap fè depi kèk tan sou konjonkti politik peyi a.

Emisyon 3 septanm 2014:
Pandan n ap salouwe memwa pè Jean Marie Vincent reyaksyonè yo te ansasinen 28 out 1994 n ap gade ki kalite opozisyon nou genyen jounen jodi a nan Peyi Dayiti. Èske opozisyon an alawotè tach li?

Emisyon 27 out 2014:
Nou kontinye analiz n ap fè depi kèk tan sou konjonkti politik Peyi Dayiti.

Emisyon 20 out 2014:
Nou kontinye analiz n ap fè depi kèk tan sou konjonkti politik Peyi Dayiti.
Epi nou di chapo ba pou zansèt nou yo ki te reyini nan Bwakayiman 14 out 1791 e k ap deklannche Revolisyon Ayisyen an 22 out 1791.

Emisyon 13 out 2014:
Nou kontinye analiz n ap fè depi kèk tan sou konjonkti politik Peyi Dayiti.
Epi nou di chapo ba pou zansèt nou yo ki te reyini nan Bwakayiman 14 out 1791 pou yo prepare Revolisyon Ayisyen an

Emisyon 6 out 2014:
Nou kontinye analiz n ap fè depi kèk tan sou konjonkti politik Peyi Dayiti.

Emisyon 30 jiyè 2014:
Nou kontinye analiz n ap fè depi kèk tan sou konjonkti politik Peyi Dayiti.

Emisyon 23 jiyè 2014:
Nou kontinye analiz n ap fè depi kèk tan sou konjonkti politik Peyi Dayiti.

Emisyon 16 jiyè 2014:
Nou kontinye analiz n ap fè depi kèk tan sou konjonkti politik Peyi Dayiti.

Emisyon 9 jiyè 2014:
Nou kontinye analiz n ap fè depi kèk tan sou konjonkti politik Peyi Dayiti.

Emisyon 2 jiyè 2014:
Nou kontinye analiz n ap fè depi kèk tan sou konjonkti politik Peyi Dayiti avèk jounalis Yves Pierre-Louis.
Epi nou di 2 mo sou pwofesè Leslie Francois Manigat ki mouri vandredi 27 juin 2014. Ki kalite òm politik pwofesè sa a jeneral Henry Namphy te enstale kòm prezidan Peyi Dayiti apre masak Riyèl Vayan an te ye?

Emisyon 25 jen 2014:
Nou salue memwa yon gran foutbolè Ayisyen, Joseph Obas, ki kite nou samdi 21 jen 2014 nan Nouyòk.
Ositou, nou kontinye analiz n ap fè depi kèk tan sou konjonkti politik Peyi Dayiti.

Emisyon 31 jiyè 2013:
Korespondan Ayiti Libète nan peyi Dayiti, Yves Pierre-Louis, mete n okouran dènye devlopman nan dosye lanmò jij Jean Serge Joseph ak lòt kesyon y ap debat nan konjonkti a. Ositou, Yves ba nou dènye nouvèl sou kesyon eleksyon yo.

Emisyon 24 jiyè 2013:
Nou kontinye dikisyon sou lanmò jij enstriksyon ki t ap travay sou dosye koripsyon yo akize Sophia Martelly ak pitit li Olivier Martelly, Jean Serge Joseph, avèk korespondan Ayiti Libète nan peyi Dayiti Yves Pierre-Louis.
Ositou, kòm dimanch 28 jiyè ap fè 98 ane depi merin yo te debake an Ayiti, direktè jounal Ayiti Libète a, Berthony Dupont, fè kèk kòmantè sou kisa sa vle di lè yon peyi pèdi souverènte li.

Emisyon 17 jiyè 2013:
Jij enstriksyon ki t ap travay sou dosye koripsyon yo akize Sophia Martelly ak pitit li Olivier Martelly, Jean Serge Joseph, mouri samdi 13 jiyè 2013 apre li sibi yon estwok masif. Anpil manm klas politik la lonje dwèt sou prezidan Michel Martelly.
Avoka Newton Saint Juste ki limenm tou ap batay kont koripsyon nan peyi Dayiti pase arebò Boukan an pou li klere lantèn nou sou dosye sa a, e sou koripsyon nan peyi a, an jeneral.

Emisyon 10 jiyè 2013:
11 jiyè 2013 se Jounen Mondyal Popilasyon. Nou di 2 mo sou jounen sa a Loni ap obsève depi 1989.
Ositou, nou fè kèk kòmantè sou pwen cho k ap fè aktyalite nan peyi Dayiti.

Emisyon 03 jiyè 2013:
Lavèy 4 jiyè 2013, lavèy 237èm anivèsè endepandans Etazini, nou poze menm kesyon Frederick Douglass te poze nan yon diskou li te fè an 1852: kisa kat jiyè vle di pou yon Nwa? Nou menm tou nou mande kisa 4 jiyè vle di pou pèp tankou pèp Ayisyen an k ap batay pou Libète?

Emisyon 12 jen 2013:
Nou di 2 mo sou fèt papa y ap selebre dimanch 16 jen 2013.
Ositou, yon manm Radyo Amazòn nan Latibonit, Lori Carma, ba nou yon kontrandi sou sitiyasyon etidyan yo nan Inivèsite Leta Ayisyen an. Epi li fè yon repòtaj sou premye minis Laurent Lamothe ki te retounen devan palman an semèn sa a pou li defann travay gouvènman li an ap fè.

Emisyon 29 me 2013:
Samdi premye jen ap fè 9 lane depi sòlda loni yo, MINUSTAH, ap sèvi kòm fòs militè pou Etazini, Lafrans, ak Kanada ki okipe Ayiti depi 2004. Kim Ives, yon manm jounal Ayiti Libète, pral Pòtoprens kote limenm ak plizyè lòt delege k ap sòti toupatou nan lemond pral patisipe nan yon konferans entènasyonal pou mande MINUSTAH bay talon li blanch. Kim ap ba nou yon ti lòsyè sou kokennchenn miting sa a.

Emisyon 22 me 2013:
Nou kontinye komemore kreyasyon drapo Ayisyen an ki gen 210 lane. Nou gade kisa kreyasyon drapo a vle di pou noumenm patriyòt Ayisyen, e pou limanite an jeneral.
Kòm dimanch se fèt manman Ayisyen, n ap pwofite okazyon an pou nou di manman travayèz toupatou nan lemonn mèsi.
Ositou korespondan Ayiti Libète ann Ayiti, Yves Pierre-Louis fè repòtaj sou pwen cho k ap fè aktyalite nan peyi a.

Emisyon 15 me 2013:
Nou komemore kreyasyon drapo Ayisyen an ki gen 210 lane samdi 18 me 2013. Nou gade kisa kreyasyon drapo a vle di pou noumenm patriyòt Ayisyen, e pou limanite an jeneral, avèk yon elèv listwa, Berthony Dupont.

Emisyon 8 me 2013:
Prezidan Aristide te konparèt apremidi a devan jij ki an chaj dosye asasina pwopriyetè Radio Haïti Inter a, Jean Léopold Dominique, ak gadyen estasyon an, Jean-Claude Louissant. Sa lakòz Lavalas desanm nan lari Pòtoprens. Jounalis Yves Pierre-Louis ak Kim Ives ap fè yon rapò sou kokennchenn manifestasyon sa a.

Emisyon 1 me 2013:
Nou selebre Jounen Entènasyonal Travayè avèk yon chofè otobis ki te an grèv nan kòmansman ane a, Daniel Delva, François Marie Michel, e direktè jounal Ayiti Libète a, Berthony Dupont. Kisa jounen sa a vle di. Nan ki kondisyon travayè yo ap bay fòs travay yo nan jounen n ap viv la.

Emisyon 24 avril 2013:
avèk Lyetnan Serge Denizard Youn nan ofisye ki te sou bato Gadkòt la, Lyetnan Serge Denizard, ap ba nou kèk detay sou d'Afè Cayard' la.
Ositou, Kim Ives, yon repòtè jounal Ayiti Libète, ap fè yon rapò sou vizit Senatè Moise Jean Charles sot fè an Brezil ak Ajantin.

Emisyon 17 avril 2013:
Mèt Jacceus Joseph, yon avoka e pwofesè kriminoloji nan Inivèsite Leta Ayisyen an ap prezante katriyèm liv li ki pote tit d'Le Procès de Duvalier pour crimes contre l’Humanitéd' samdi 20 avril 2013 nan lokal Ayiti Libète/Grenadier Books. Mèt Jacceus Joseph ak direktè jounal Ayiti Libète a, Berthony Dupont ap ba nou yon lòsyè sou liv sa a k ap mande pou yo jije ansyen diktatè a. Mèt Jacceus Joseph jije Jean Claude Duvalier pou krim kont limanite

Emisyon 23 janvye 2013:
Lendi 21 janvye 2013 nan yon espektak yo òganize espesyalman pou piblik la, Barack Husein Obama, karannkatriyèm prezidan Etazini, prete sèman nan d'Capitold' la, Palè Lejislatif la. Obama se 17èm prezidan meriken, e premye nwa ki genyen reeleksyon kòm prezidan meriken. Nou fè kèk kòmantè sou diskou Obama fè pandan inogirasyon an; yon fason pou nou gen yon lide sou ki kalite ajannda Obama pral rapousuiv pandan dezyèm tèm li an. Ositou kòm lendi 21 janvye 2013 te Jounen Martin Luther King Ozetazini, nou onore gran lidè sa a. Youn nan konbatan pou dwa moun ki pèmèt Obama rive prezidan meriken jouk pou l renouvle manda l. Nou antre an Ayiti tou pou korespondan Ayiti Libète a, Iv Pyè-Lwi, pale nou de dènyè chanjman yo fè nan kabinè ministeryèl la.

Emisyon 16 janvye 2013
8 mil manm Local 1181 Amalgamated Transit Union, tanmen yon grèv mèkredi 16 janvye 2013. Daniel Delva, yon chofè, ap di nou poukisa chofè, matwòn, ak mekanisyen yo oblije sispann travay. Powèt, sanba Paul Tulcé, fenk pibliye yon nouvo liv pwezi: Konfesyon. Yon liv ki chaje ak powèm k ap gade reyalite lakay epi k ap poze pwoblèm sosyal yo tou. Paul ap prezante liv la Dimanch 20 Janvye 2013 nan lokal Grenadier Books/Haiti Liberté. Misye pase arebò Boukan an pou bay oditè yo yon lòsyè.


Emisyon 9 janvye 2013:
Samdi 12 janvye 2013 ap twazyèm anivèsè kokennchenn tranblemandtè ki te touye 300 mil moun, blese e andikape yon pakèt lòt, e fè anpil dega. Kidonk, emisyon sa a, se yon emisyon espesyal pou nou reflechi ansanm sou katastwòf sa a. Yon konpatriyòt ki te viv goudougoudou a, Jean Philippe Compas, ap pataje tach sa a ak nou.
Komisè gouvènman an, Likmàn Delil, te konvoke prezidan Aristid pou l te ale nan Pakè a mèkredi 9 janvye 2013. Okontrè se komisè Delil ki ale nan Tabar al rankontre prezidan Aristid lakay li. Youn nan avoka prezidan Aristid yo, Mèt Mario Joseph, ap di nou dekiprevyen!

Emisyon 2 janvye 2013:
Nan premye emisyon Boukan pou ane 2013 la, Nou selebre premye janvye 1804, dat zansèt nou yo te ekri yon gwo liv nan listwa limanite. Nou gade nan ki eta peyi Dayiti ye jounen jodi a, 209 lane apre kreyasyon nanchon an; Nou gade tou kijan nou ka itilize viktwa sa a jounen jodi a.
Ositou, nou fè kòmantè sou evenman ki pase nan ane 2012 la ki konsène Ayiti ak Ayisyen nou panse ki pi enpòtan.

Emisyon 26 desanm 2012:
Korespondan jounal Ayiti Libète an Ayiti, Yves Pierre-Louis, fè yon repòtaj sou kontra gouvènman Martelly a siyen avèk 2 konpayi etranje pou eksplwatasyon lò ak kuiv, antant ant egzekitif la ak lejislatif la pou òganizasyon pwochen eleksyon yo, e presyon otorite yo ap fè sou militan Lavalas pou yo sispann fè manifestasyon.

Emisyon 19 desanm 2012:
Alokazyon 22èm anivèsè konkèt istorik pèp Ayisyen an nan eleksyon 16 Desanm 1990 yo, Jan pote pou nou yon editoryal sou siyifikasyon kokennchenn viktwa sa a.
Etazini andèy depi vandredi 14 desanm 2012 lè yon jèn gason, Adam Lanza, ansasinen 20 timoun nan lekòl yo nan vil Newtown nan Connecticut. Devan trajedi sa a nou fè kèk kòmantè sou vyolans moun ki gen pwoblèm isit Ozetazini ap itilize.

Emisyon 12 desanm 2012:
Direktris Konpayi Dans Tonèl Lakay la, Marie Edith Jean, envite oditè yo nan selebrasyon 24èm anivèsè òganizasyon sa a k ap fè pwomosyon kilti Ayisyen an.
16 Desanm 1990 - 16 Desanm 2012, 22 zan depi Pèp Ayisyen an te mete sou pouvwa premye Prezidan ki genyen nan yon eleksyon lib e demokratik. Nan lespri pou kontinye kenbe diyite memwa nou toujou toulimen ak drapo rezistans lan pi djanm, yon manm Komite Sitwayen pou Pwoteksyon Ayisyen Fritzner Pierre envite nou tout nan selebrasyon dat sila Dimanch 16 Desanm 2012.

Emisyon 5 desanm 2012:
Yo akize prezidan Konsèy Elektoral Pwovizwa a, Josué Pierre Louis, di li vyole yon jèn fanm. Jocelyn fè yon kòmantè sou vyolans seksyèl.
Dimanch 2 desanm 2012 Jan te patisipe nan New York African Diaspora International Film Festival kote yo te pase yon fim sou Toussaint L'Ouverture. Jan di 2 mo sou fim sa a.
Fanm Ayisyen pou Refijye Ayisyen gen 20 an. Direktris òganizasyon sa a ki se yon potomitan nan kominote Nouyòk la, Ninaj Raoul, pase arebò Boukan an. Ninaj pale de travay Fanm Ayisyen pou Refijye Ayisyen ap fè, e li envite oditè nan yon woumble pou onore Sonia Pierre, yon konbatan ki tonbe nan defann dwa Ayisyen ak desandan Ayisyen nan Repiblik Dominikèn.
Yon manm Komite Sitwayen pou Pwoteksyon Ayisyen, Fritzner Pierre pase arebò Boukan an pou envite nou nan yon sware patriyotik pou selebre 22èm anivèsè 16 desanm 1990, dat pèp Ayisyen an te chwazi kandida li te vle a kòm prezidan.

Emisyon 28 novanm 2012:
2 manm Komite Sitwayen pou Pwoteksyon Ayisyen, Fritzner Pierre ak Gilbert Germain, pase arebò Boukan an pou envite nou nan yon sware patriyotik pou selebre anivèsè 16 desanm 1990, dat pèp Ayisyen an te chwazi kandida li te vle a kòm prezidan.

Emisyon 21 novanm 2012:
Jocelyn envite oditè yo nan yon bal pou selebre 35èm anivèsè gwoup Voix et Tambours d'Haïti.
Yon manm Fondation pour la Préservation, la Valorisation et la Production d'Oeuvres Culturelles Haïtiennes, Reynald Trouillot, di 2 mo sou inogirasyon yon espozisyon sou vodou nan Musée canadien des civilisations nan Ottawa, e sou ideyal Desalinyen an.
Jan fè yon repòtaj sou fowòm KAKOLA ak jounal Ayiti Libète te òganize alokazyon 209èm anivèsè Batay Vètyè a.

Emisyon 14 novanm 2012:
Kòm delè pou yon Ayisyen renouvle TPS li se 30 novanm 2012, Jocelyne Mayas, ap fè nou konnen kijan pou n renouvle TPS ak pèmi travay nou, e kijan Ayisyen ki kalifye e ki poko gen TPS ka ranpli aplikasyon pou Temporary Protected Status la.

Emisyon 7 novanm 2012:
Avèk viktwa li ranpòte sou rival repibliken li an, Mitt Rowney, Prezidan Obama ekri yon lòt paj istwa ankò. Li se premye nwa ki genyen reeleksyon kòm prezidan meriken. Nou gade kisa pwogresis yo dwe fè e kapab fè pandan dezyèm tèm Obama a.

Emisyon 31 oktòb 2012:
Siklòn Sandy boulvèse Lavil Nouyòk ak zanviwon li, touye plis pase 60 moun, e koze anpil dega. Jan fè yon editoryal sou reyaksyon gouvènman Etazini ak gouvènman Ayiti a pou konfwonte siklòn Sandy. Ositou, nou bay kèk enfòmasyon ak konsèy pou klere lantèn kominote a.
Nou di 2 mo sou eleksyon jeneral y ap òganize isit Ozetazini madi 6 novanm 2012.

Emisyon 24 oktòb 2012:
Fondasyon Minouche ap òganize yon maraton 2 jou nan lokal jounal Ayiti Libète wikenn 27-28 oktòb 2012 la pou ede timoun al lekòl nan peyi Dayiti. Minouche Lambert ak ekriven Jackson Rateau ban n yon avangou.
Woje foubi je sou sistèm elektoral ameriken an kote se pa vòt popilè a ki eli prezidan an dirèkteman. Se Kolèj Elektoral la ki desidekiyès ki okipe mezonblach Washintonn lan. Woje, Jocelyn, Minouche, e Jan fè kòmantè sou deklarasyon pòtpawòl Fanmi Lavalas la, Maryse Narcisse, ki pa sipòte majorite manisfestan nan peyi Dayiti k ap mande pou Michel Sweet Micky Martelly bay talon l blanch.

Emisyon 17 oktòb 2012:
Yon emisyon espesyal pou onore gran konbatan sa enmi pèp la te ansasinen 17 oktòb 1806. Nou gade poukisa fondatè peyi Dayiti a, emprè Jan Jak Desalin, dwe rete byen vivan nan memwa tout Ayisyen, tout moun ki kwè nan libète.
Nou prezante yon editoryal Bertin Jean-Mary te prezante an 2011 sou eritaj Jan Jak Desalin kite pou nou.

Emisyon 10 oktòb 2012:
Nou kontinye sonnen lanbi rasanbleman an pou vandredi 12 oktòb 2012 n al pote kole ak sendikalis ak lòt militan k ap mande pou fòs okipasyon Minousta yo bay talon yo blanch, pou okipasyon an fini, e pou okipan yo peye reparasyon pou kolera yo bay pèp la.
Yon manm jounal Haiti Liberte, Kim Ives, ap pole kole avèk nou pou nou fè travay rasanbleman an e pou nou resevwa envite espesyal Boukan 10 oktòb 2012 la, senatè Moise Jean Charles. Senatè a ap sou beton an avèk kominote Nouyòk la devan Loni vandredi 12 oktòb 2012.

Emisyon 3 oktòb 2012:
Korespondan jounal Haiti Liberte an Ayiti, Yves Pierre-Louis, fè yon rapò sou manifestasyon kote moun nan plizyè depatman peyi a mande pou prezidan Michel sweet micky Martelly bay demisyon li.
Marlene Jean Noel sonnen lanbi rasanbleman an pou 12 oktòb n al pote kole ak sendikalis ak lòt militan k ap mande pou fòs okipasyon Minousta yo bay talon yo blanch, pou okipasyon an fini, e pou okipan yo peye reparasyon pou kolera yo bay pèp la.

Emisyon 26 septanm 2012:
Woje ki fèk soti an Ayiti ap kontinye di nou sa li wè ak sa li tande pandan sejou li nan peyi a.
Nou fè yon repòtaj sou kokennchenn manifestasyon kote Ayisyen pran lari Bwouklin jodi a pou pwoteste kont taks ilegal prezidan Michel sweet micky Martelly mete sou yo, kont lavichè ak grangou, kont koripsyon, e kont okipasyon peyi a.

Emisyon 19 septanm 2012:
Apre yon vizit plizyè jou an Ayiti, Woje ap di nou sa li wè ak sa li tande pandan sejou li nan peyi a.
Direktè Biwo Avoka Entènasyonal yo, Mèt Mario Joseph ap envite n nan yon kozman l ap fè ak kominote a vandredi 21 septanm 2012 nan lokal Ayiti Libète a.

Emisyon 12 septanm 2012:
Kòm timoun nan zòn Nouyòk retounen lekòl jedi 6 septanm 2012, direktris Flanbwayan Haitian Literacy Project, Darnelle Benoit, pote kèk konsèy pou paran ak elèv yo.
Nou fè kèk kòmantè sou atak 11 septanm 2001 yo ki te koze lanmò 3 mil moun e ki te kraze World trade Center nan vil Nouyòk.

Emisyon 5 septanm 2012:
Yon manm jounal Ayiti Libète, Jean Claude Cajou, pase envite n nan yon konferans y ap òganize samdi 8 septanm 2012 sou richès botanik nan medsin an Ayiti.
Jan ak Cajou fè kòmantè sou aktyalite politik la.

Emisyon 29 out 2012:
Korespondan jounal Ayiti Libète a Yves Pierre-Louis ap fè yon rapò sou pasaj siklòn Isaac nan peyi a, e sou rankont prezidan Martelly fè 28 out 2012 ak kèk reprezantan klas politik la.

Emisyon 22 out 2012:
Nou kontinye komemore soulèvman jeneral zansèt nou yo te fè nan mwa dawout 1791. Kisa yo te vle fè ak nouvo nasyon yo pral kreye a; kisa yo te vle fè ak libètè yo.
Nou fè kòmantè tou sitiyasyon politik peyi dayiti jounen jodi a.

Emisyon 15 out 2012:
Yon emisyon espesyal pou komemore soulèvman jeneral zansèt nou yo te fè nan mwa dawout 1791 pou aboli esklavaj nan Sendomeng, Kòdonatè HACDEN, Haitian American Cultural Development Network, Reginal Souffrant, ap esplike poukisa soulèvman 1791 la te reyisi, kisa Boukmann te vle pou nou, e ki leson nou ka tire de 1791 pou ede nou nan konjonkti aktyèl la...
Federasyon Bawo Ayiti a retire reprezantan li nan Konsèy Siperyè Pouvwa Jidisyè a, e prezidan Sena a, Dieuseul Simon Desras, mande prezidan Martelly pou li aksepte reyini reprezantan pouvwa Egzekitif, Lejislatif, ak Jidisyè pou yo sa antann yo pou yo fòme KEP a. Korespondan jounal Ayiti Libète a Yves Pierre-Louis ap ba nou plis detay.

Emisyon 8 out 2012:
Nou gade kisa ki dèyè chanjman kabinè gouvènman Martelly-Lamothe la kote Thiery Mayard Paul pèdi pòtfèy li; poukisa Brezil ak Ekwatè di y ap sipòte Martelly nan koze remobilize lame a.
Yon manm jounal Ayiti Libète, Jean Claude Cajou, pase envite n nan yon kokennchenn festival lakilti ak kuizin Ayisyen Fondasyon Minouche ap òganize nan lokal jounal la 11 ak 12 out 2012.
Ositou yon manm KAKOLA ki sot fè yon kout pye nan peyi a, Michelle rakonte sa li wè ak sa li tande.

Emisyon 1 out 2012:
Jounalis Yves Pierre-Louis fè yon repòtaj sou 3 jou kanaval prezidan konpa a sot òganize nan peyi Dayiti pandan lamizè ap kale tèt popilasyon an.
Direktè jounal Ayiti Libète a, Berthony Dupont, remèsye tout moun ki te pèmèt jounal la fete senkyèm anivèsè li kòmsadwa.

Nan Emisyon 16 me 2012 lan:
Nou komemore kreyasyon drapo Ayisyen an k ap gen 209 an vandredi 18 me 2012. Kisa nou ka aprann de paj istwa sa a zansèt nou yo te ekri an 1803 pou ede Ayiti Toma jounen jodi a!
Nou salue memwa Malcolm X.
Yon agrikiltè Ayisyen, Fleurant, ap di de mo sou kondisyon agrikilti nan Latibonit.

Nan Emisyon 18 avril 2012 lan:
Lori Carma, manm Radyo Amazòn nan Latibonit, .... Dr. Lois Wilcken ap salouwe memwa tanbourinè Frisner Augustin Jean Claude Cajou
Nou kontinye diskisyon sou pwen cho k ap fè aktyalite nan peyi Dayiti.

Nan Emisyon 1e fevriye 2012 lan:


Nan Emisyon 25 janvye 2012 lan:
Lori Carma, manm Radyo Amazòn nan Latibonit, pale de manifestasyon moun Tirivyè Latibonit te fè pou pwoteste kont fason meri a ap jere kesyon lajan ak distribisyon angrè.
Nou kontinye diskisyon sou pwen cho k ap fè aktyalite nan peyi Dayiti.

Nan Emisyon 18 janvye 2012 lan:
Nou onore Martin Luther King Jr., yon pastè ki te lite san pran souf pou defann dwa moun Ozetazini.
Ositou, korespondan jounal Ayiti Libète a, Yves Pierre-Louis, fè yon repòtaj sou pwen cho k ap fè aktyalite nan peyi Dayiti.

Nan Emisyon 11 janvye 2012 lan:
Lavèy 12 janvye 2012, dezyèm anivèsè kokennchenn tranblemandtè ki te touye 300 mil moun, blese e andikape yon pakèt lòt, e fè anpil dega, nou prezante yon emisyon espesyal pou nou reflechi ak oditè yo sou katastwòf sa a. Yon moun ki te viv goudougoudou a, Jean Philippe Compas, pataje tach sa a ak nou.

Nan Emisyon 4 janvye 2012 lan:
Nan premye emisyon Boukan pou nouvo ane 2012 la, Nou selebre premye janvye 1804, dat zansèt nou yo te ekri yon gwo liv nan listwa limanite. Nou gade nan ki eta peyi Dayiti ye jounen jodi a, 208 lane apre kreyasyon nanchon an.
Nou bay yon apèsi sou topik nou pwomèt nou pral kouvri nan emisyon sa a pandan 2012 la.
Epi, nou ouvè liy telefòn yo pou oditè Boukan yo, di sa yo swete pou Ayiti Toma pou ane 2012 la.

Nan Emisyon 28 desanm 2011 lan:
Nou Gade evenman ki make ane 2011 lan tankou retou diktatè Janklod Divalye, ak prezidan pèp la te chawzi an 1990 la, Janbètran Aristid; seleksyon Michel Sweet Micky Martelly kòm prezidan, entansyon misye pou l remobilize lame krazezo a; ak ratifikasyon yon ansyen sekretè Bill Clinton, Gary Conille, kòm premye minis.
Nou sonje tou kab sekrè anbasad meriken nan peyi Dayiti, Wikileaks mete deyò; e konfimasyon twoup okipasyon Nepalè yo kòm sous epidemi kolera a ki touye 7 mil moun e enfekte yon demi milyon an Ayiti.

Nan Emisyon 21 desanm 2011 lan:
Nou klere je n sou yon sektè nan ekonomi Peyi Dayiti, labank. Ki wòl Bank Nasyonal la jwe nan ekonomi an. Kisa ki dèyè kriz dola ameriken nan peyi a?
Ositou, poukisa nwèl se yon kochma pou majorite timoun an Ayiti?

Nan Emisyon 14 desanm 2011 lan:
Nou komemore viktwa pèp Ayisyen an te ranpòte sou enmi li yo 16 desanm 1990. Nan dat sa a pèp la te chwazi pwòp reprezantan li. Li te vote pou Janbètran Aristid kòm prezidan. Kisa ki pase nan 21 ane soti 1990 rive 2011 ki fè jounen jodi a okipan yo kapab mete yon makout kòm prezidan popetwèl nan peyi Dayiti, e Janklod Divalye ap pase lajistis nan betiz?
Nou eseye reponn kesyon sa a ak envite nou: konpatriyòt Bernier Archille, direktè Ayiti Libète a Berthony Dupont, ak jounalis Yves Pierre-Louis.
Jocelyn Gay pale de lopital Leta Nouyòk vle fèmen.
Ositou, Doktè Frantz Latour fè 2 bras sou 16 desanm 1990.

Nan Emisyon 7 desanm 2011 lan:
Dimanch 4 desanm 2011, limanite fè yon gwo pèt. Sonia Pierre kite nou. Sonia, se yon fanm vanyan, ki t ap batay san pran souf pou Repiblik Dominikèn rekonèt kòm Dominiken timoun travayè Ayisyen fè lakay vwazen an.
Nan Emisyon Boukan 7 desanm 2011 lan nou salouwe memwa Sonia ansanm ak envite nou: Sendikalis Cajuste Lexiuste, ak Ray Laforest.

Nan Emisyon 30 novanm 2011 lan:
Nou salouwe memwa fanm ak gason lame makout la, sou direksyon Henry Namphy ak William Régala, te ansasinen 29 novanm 1987. Konpatriyòt sa yo ta pral vote nan premye eleksyon yo t ap òganize apre dechoukaj diktatè Janklod Divalye.
Vandredi 25 novanm 2011 te Jounen Entènasyonal pou Elimine Vyolans kont Fanm, KAKOLA di lilèlitan pou vyolans kont mwatye syèl la kaba. Envite nou nan emisyon sa a, se yon fanm k ap konbat tip vyolans sa a, Ketly Matthew. Ketly travay nan Biwo Pwokirè Jeneral Brooklyn lan kòm sipèvizè Inite pou Konbat Vyolans Domestik.
Yon manm Radyo Amazòn nan Latibonit, Lori Armand, fè yon rapò sou epidemi kolera a, e l ap di de mo tou sou yon estaj li t al fè nan Sena Ayisyen an.

Nan Emisyon 23 novanm 2011 lan:
Alokazyon Thanksgiving isit Ozetazini, nou di 2 mo sou sa debakman Ewopeyen yo te vle di pou moun ki t ap viv sou kontinan sa a anvan Kristòf Kolon te debake.
Nou gade poukisa sena a derefize entèpele minis enteryè a, Thiery Mayard Paul, kwak komisyon senatoryal ki t ap mennen ankèt sou arestasyon ilegal depite Arnel Belizaire a te rekòmande sa.
Nou chita sou deklarasyon Michel sweet micky Martelly ki olye li anonse remobilizasyon lame a jan l te pwomèt la, anonse pito fòmasyon yon komisyon.

Nan Emisyon 16 novanm 2011 lan:
Nou komemore 18 novanm 1803, 208 ane depi lame endijèn nan te ranpòte laviktwa sou lame kolon yo nan Vètyè pou yo te kreye yon nasyon libelibè. Nou di 2 mo sou siyifikasyon viktwa sa a pou limanite, ki leson nou dwe tire de viktwa 18 novanm 1803 a pou ede peyi Dayiti sòti anba twazyèm okipasyon sa a; sètadi nou eseye montre poukisa lame endijèn nan pa gen anyèn pou l wè ak lame krazezo merin meriken te kreye pandan premye okipasyon an, lame Sweet Micky anvi remobilize a.

Nan Emisyon 9 novanm 2011 lan:
Delè pou Ayisyen aplike pou Temporary Protected Status, TPS, se madi demen an 15 novanm. Kòdonatris Zafè Kominotè pou Leta Nouyòk la, Jocelyne Mayas, ap fè n konnen ki Ayisyen ki kalifye pou TPS, e ki kote n ap jwenn moun ede n ranpli aplikasyon pou TPS ak pèmi travay nou.

Nan Emisyon 2 novanm 2011 lan:
Nou chita sou arestasyon ilegal depite Delmas/Tabarre la, Arnel Bélizaire. Kisa sa vle di? Èske se anile Sweet Micky te vle tou anile palman an? Kijan palmantè yo pral reyaji? Ki wòl okipan yo nan koze sa a? Èske se pou eseye efase tout viktwa pèp la ranpòte pandan 25 ane ki sot pase yo, enperyalis yo te seleksyone Sweet Micky?

Nan Emisyon 26 oktòb 2011 lan:
Nou kontinye dikisyon sou pwen cho k ap fè aktyalite nan peyi Dayiti: sitou kesyon reparèt ak lame krazezo a, ak ka depite Delmas/Tabarre la, Arnel Bélizaire, lapolis pwomèt y ap arete kwak li gen iminite palmantè si l retounen nan peyi a soti an Frans.

Nan Emisyon 19 oktòb 2011 lan:
Nan okazyon premye anivèsè epidemi kolera a, plizyè milye moun manifeste nan peyi a kont fòs okipasyon Loni yo. Yon manm Radyo Amazòn nan Latibonit ki te kouvri manifestasyon an bò lakay li, Lori Armand, fè yon repòtaj.
Nou kontinye dikisyon sou pwen cho k ap fè aktyalite nan peyi Dayiti: enstalasyon gouvènman Martelly-Conille, epidemi kolera, okipasyon Ayiti Toma.

Nan Emisyon 12 oktòb 2011 lan:
Yon manm Komite Sitwayen pou Pwoteksyon Ayisyen, Fritzner Pierre, kase randevou ak tout patriyòt, vandredi 14 oktòb 2011 devan Loni pou n di Aba okipasyon.
Direktè jounal Ayiti Libète a, Berthony Dupont, pase arebò Boukan an pou l di n kiyès Janjak Desalin te ye, poukisa nou pa dwe janm bliye Gason Vanyan sa a.
Nou kontinye dikisyon sou pwen cho k ap fè aktyalite nan peyi Dayiti.

Nan Emisyon 5 oktòb 2011 lan:
Apre bonkou jimnastik pale anpil senatè yo ratifye Dr. Gary Conille kòm premye minis. N ap gade kisa sa vle di pou peyi Dayiti lè se yon ansyen sekretè Bill Clinton ki pral premye minis.
Kèk manm kominote Ayisyen an ap travèse Pon Brooklyn lan vandredi 7 oktòb 2011. Frantz Jerome ap pote plis detay pou nou.

Nan Emisyon 28 septanm 2011 lan:
Nan okazyon 20èm anivèsè premye koudeta kont Janbètran Aristid la, nou fè yon rale sou Rapò ki Genyen ant Koudeta 30 Septanm 1991 lan ak Sweet Micky okipan yo mete kòm prezidan nan Peyi Dayiti.
Ositou, nou salue memwa Wangari Maathai premye fanm Afriken ki resevwa Pri Nobèl pou Lapè.

Nan Emisyon 21 septanm 2011 lan:
Jan, ki reprezante KAKOLA nan Komite Sitwayen pou Pwoteksyon Ayisyen, sonnen lanbi a pou n al sanble devan Loni vandredi 23 septanm 2011 pou pwoteste kont okipasyon Ayiti Toma.
Michelle ki sot pase kèk jou nan peyi a, di nou sa li tande ak sa li wè, popilasyon an di li about ak okipasyon an.
Nou kontinye dikisyon sou pwen cho k ap fè aktyalite nan peyi Dayiti.

Nan Emisyon 14 septanm 2011 lan:
Minouche Lambert, yon manm Komite Sitwayen pou Pwoteksyon Ayisyen, di nou poukisa nou dwe rasanble devan Loni vandredi 23 septanm 2011.
Popilasyon Latibonit manifeste kont ravaj epidemi kolera a ak blackout nan zòn lan. Yon manm Radyo Amazòn, Lori Armand fè yon repòtaj.
Nou kontinye dikisyon sou pwen cho k ap fè aktyalite nan peyi Dayiti.

Nan Emisyon 7 septanm 2011 lan:
Yon manm MPDH Mouvman Pwogresis pou Devlopman Ayiti, Jean Claude Cajou, pase envite n nan yon aktivite pou ranmase lajan pou mete elektrisite nan Koto nan Depatman di Sid.
28 jiyè ki sot pase la a, 4 sòlda fòs okipasyon Loni yo vyole Jhony Jean nan Pòsali, kote popilasyon an te manifeste lendi pou mande jistis pou jèn gason an, e pou tout okipan yo kite peyi Dayiti. Nou fè kèk kòmantè sou zak sa a.

Nan Emisyon 31 out 2011 lan:


Nan Emisyon 24 out 2011 lan:


Nan Emisyon 17 out 2011 lan:


Nan Emisyon 10 out 2011 lan:


Nan Emisyon 3 out 2011 lan:


Kontakte Nou!
KAKOLA, P.O. Box 250 459, Brooklyn, NY 11225, (917) 251-6057, (718) 629-4050

konbitla@yahoo.com

Emisyon Boukan | Home | La Dessalinienne | LaDesalinyèn | Constitution | Platfòm KAKOLA